mardi 4 août 2009

Bilten Meteyo Madi 04 Dawou 09

Courtoisie de Agr.Gabriel Archange Léon du Bureau Départemental Nord de Gestion des Risques et Désastres. Cap-Haitien, +509 3721 0665. Publié par Cyrus Sibert / RESEAU CITADELLE.


Pou rive jouk 06 Dawou 09


SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA AK SOU ATLANTIK LA


  • Aks kre an sifas la, chita kò'l sou Atlantik la jouk rive sou kòt Sid peyi d'Ayiti maten an. Nan sans sa, lapli ak loraj toupatou se sa nou prevwa sou rejyon Nò ak Sant peyi d'Ayiti jodia ak demen.

PREVIZYON POU AYITI


_ Tan an gen solèy ak kèk nyaj maten an;


- Ap gen nyaj de tanzantan nan fen jounen an ak nan aswè;


- L'ap fè cho pandan jounen an, men l' ap miyò nan lannwit ;


- Lapli ak loraj se sa nou prevwa pou jodia ak demen sitou nan Nòdès, Nò, Nòdwès,


Latibonit, Sant ak Lwès.


PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO


- Tan an gen solèy maten an;


- Ap gen nyaj de tanzantan nan fen jounen an ak nan kòmansman lannwit lan;


- Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 36°C , pi ba l'ap desan'n se 23°C;


- Lapli ak loraj nan kèk zòn posib nan aprè midi ak nan aswè.

Leve ak kouche solèy la pou pòtoprens


Jodia 04 Dawou leve : 05 è 28 mn kouche :06 è 22mn


Mèkredi 05 Dawou leve : 05 è 28 mn kouche :06 è 22mn


Jedi 06 Dawou leve : 05 è 29 mn kouche :06 è 21mn


Previzyon pou Lanmè a

Madi 04 Dawou pou rive 05 Dawou 09

Zòn kotyè Nò

Madi & Mèkredi


v Van an ap soufle nan sektè Lès -Sidès : 15-20 ne;


v Vag yo ap monte 5 – 8 pye ;


v Lapli ak loraj posib nan aprè midi ak nan aswè


v Lanmè a ap yon ti jan ajite


v N'ap mande vwalye yo, pou yo pran prekosyon nan lanmè a lè gen kout loraj.



Gòlf Lagonav


Madi & Mèkredi


v Van an ap soufle nan sektè Nòdès - Lès : 20-25 ne;


v Vag yo ap monte : 6 - 9 pye;


v Lanmè a ap ajite;


v N'ap mande vwalye yo, pou yo pran prekosyon nan lanmè a.



Zòn kotyè Sid


Madi & Mèkredi


v Van an ap soufle nan sektè Nòdès- Lès : 20 - 25 ne;


v Vag yo ap monte: 6 – 9 pye;


v Lanmè a ajite;


v N'ap mande kapitèn ti bato yo, pou yo pran prekosyon nan lanmè a.

Aucun commentaire: