lundi 24 août 2009

Bilten Meteyo Lendi 24 Dawou 09

Pou rive jouk 26 Dawou 09

 

 

SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA  AK SOU ATLANTIK LA

 

  • Aks (mitan) yon ti ond tropikal chita kò'l nan  Sid peyi d'Ayiti maten an. Gen yon lòt ond tropikal ki melanje ak yon kre, k'ap avanse sou ti Zanti yo. Lapli ak loraj ki mache ak systèm sa kapab aji sou Lil nou an mèkredi.

.  

PREVIZYON POU AYITI

 

- Tan an gen solèy ak kèk nyaj  maten an;

- Ap gen nyaj tanzantan  nan aprè midi ak nan kòmansman lannwit lan;

- Tanperati a ap yon ti jan bon  pandan lannwit lan; 

- Gen chans  pou lapli fèb  ak kout loraj pasipala nan aswè  sitou nan depatman Sant, Lwès, Sidès ak  Sid .

 

 

   PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO

 

-   Tan an gen solèy maten an;

-    Ap gen nyaj k'ap pase tanzantan nan fen jounen an ak nan kòmansman lannwit lan;

-    Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 36°C , pi ba l'ap desan'n se 24°C;

-         Li posib  pou gen lapli fèb ak  loraj nan aswè .       

 

Leve ak kouche solèy pou pòtoprens

 

Jodia           24  Dawou              leve  :  05 è 33 mn              kouche :06 è 10mn

Madi           25  Dawou              leve :   05 è 33 mn            kouche :06 è  09 mn

Mèkredi      26  Dawou              leve :   05 è 34 mn            kouche :06 è  08 mn

                                     


Previzyon pou Lanmè a

       Lendi 24 Dawou  pou rive 25 Dawou 09

 

 

Zòn kotyè Nò

 Lendi & Madi

 

*     Van an ap soufle nan sektè Nòdès - Lès : 15 - 20 ne; l'ap vire Lès – Sidès 10 -15 ne aswè a ak madi.

*      Vag yo ap monte 7 – 8  pye;

*     Lanmè a  yon ti jan ajite;

*     N'ap mande vwalye yo, pou yo pran prekosyon nan lanmè a.

 

Gòlf Lagonav

 Lendi  & Madi


*     Van an ap soufle nan sektè  Lès: 15 - 20 ne;

*     Vag yo ap monte : 5 - 7 pye;

*    Lanmè a  yon ti jan ajite;

 

Zòn kotyè Sid

 Lendi & Madi

 

*     Van  an ap soufle nan sektè Nòdès -  Lès: 20 -25 ne, l'ap vire Lès – Sidès 15 ne madi;

*      Vag yo ap monte :  9 pye jodia, men y'ap desan'n  6  pye madi;

*    Lanmè a  yon ti jan ajite;

      *  N'ap mande vwalye yo, pou yo pran prekosyon nan lanmè a.


Aucun commentaire: