jeudi 27 août 2009

Bilten Meteyo Jedi 27 Dawou 09


Pou rive jouk 29 Dawou 09




SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA AK SOU ATLANTIK LA




  • Tanpèt tropikal « DANNY » kontinye fè rout li sou Atlantik la. Mitan'l chita maten an a 27.4 degre latitid nò ak 72.1 degre lonjitid lwès, nan yon distans 590 kilomèt Lès – Nòdès Naso. L'ap deplase nan direksyon Nòdwès a 17 kilomèt lè. DANNY pa reprezante anken'n danje pou Karayib la sitou pou peyi d'Ayiti.


PREVIZYON POU AYITI



- Tan an gen solèy ak kèk nyaj maten an;


- Ap gen nyaj tanzantan nan syèl la, aprè midi a ak nan aswè ;


- Tanperati a ap yon ti jan bon pandan lannwit lan;


- Lapli ak loraj pasipala toujou rete posib sou kèk depatman nou yo aswè a.




PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO



- Gen bon tan maten an;


- Ap gen nyaj tanzantan nan syèl la nan fen jounen an;


- Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 34°C , pi ba l'ap desan'n se 22°C;


- Gen chans pou gen lapli ak loraj pasipala nan fen jounen an.



Leve ak kouche solèy pou pòtoprens



Jodia 27 Dawou leve : 05 è 34 mn kouche :06 è 07 mn


Vandredi 28 Dawou leve : 05 è 34 mn kouche :06 è 06 mn


Samdi 29 Dawou leve : 05 è 34 mn kouche :06 è 06 mn




Previzyon pou Lanmè a


Jedi 27 Dawou pou rive 28 Dawou 09





Zòn kotyè Nò


Jedi & Vandredi



v Van an ap soufle nan sektè Sidès – Sid : 10- 15 ne;


v Vag yo ap monte 5 - 7 pye;


v Lanmè a yon ti jan ajite;



Gòlf Lagonav


Jedi & Vandredi



v Van an ap soufle nan sektè Lès - Sidès : 10 - 15 ne;


v Vag yo ap monte : 4 - 6 pye;


v Lanmè a yon ti jan ajite;



Zòn kotyè Sid


Jedi & Vandredi



v Van an ap soufle nan sektè Lès - Sidès : 10- 15 ne;


v Vag yo ap monte : 4 - 6 pye;


v Lanmè a yon ti jan ajite;


Aucun commentaire: