jeudi 6 août 2009

Bilten Meteyo Jedi 06 Dawou 09


Pou rive jouk 08 Dawou 09





SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA AK SOU ATLANTIK LA




  • Yon kre an sifas (ti zòn move tan) chita nan Lès Sendomeng maten an.Sitiyasyon sa kapab bay lapli ak kout loraj pasipala sou Lil nou an aswè ak demen.


PREVIZYON POU AYITI



- Ap gen bon tan maten an;


- Ap gen nyaj de tanzantan nan fen jounen an ak nan kòmansman lannwit lan;


- Tanperati a ap yon ti jan pi bon pandan lannwit lan;


- Gen chans pou gen lapli ak kout loraj aswè ak demen sitou nan Nòdès, Nò,


Nòdwès, Latibonit, Sant, Lwès ak Sidès.



PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO



- Tan an gen solèy maten an;


- Ap gen nyaj k'ap pase nan fen jounen an;


- Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 36°C , pi ba l'ap desan'n se 23°C;


- Gen chans pou lapli fèb k'ap modere tonbe aswè a.



Leve ak kouche solèy la pou pòtoprens



Jodia 06 Dawou leve : 05 è 29 mn kouche :06 è 21mn


Vandredi 07 Dawou leve : 05 è 29 mn kouche :06 è 21mn


Samdi 08 Dawou leve : 05 è 29 mn kouche :06 è 20mn





Previzyon pou Lanmè a



Jedi 06 Dawou pou rive 07 Dawou 09



Zòn kotyè Nò


Jedi & Vandredi



v Van an ap soufle nan sektè Lès -Sidès : 20-25 ne;


v Vag yo ap monte 5 – 8 pye ;


v Lanmè a ap yon ti jan ajite;


Gòlf Lagonav


Jedi & Vandredi

v Van an ap soufle nan sektè Lès : 15-20 ne;


v Vag yo ap monte : 5 - 8 pye;


v Lanmè a ap yon ti jan ajite;



Zòn kotyè Sid


Jedi & Vandredi

v Van an ap soufle nan sektè Lès : 15 - 20 ne;


v Vag yo ap monte: 5 –8 pye;


v Lanmè a ap yon ti jan ajite;

Aucun commentaire: