jeudi 9 juillet 2009

Pour Jacques Roche torture, assassine le 10 Juillet 2005

10 Jiye 2005 - 10 Jiye 2009 jodia fe kat lane. Jacques: Leu a potko rive pou ale, lavi ou te fek komanse, peyi a ke ou renmen te bezwen ou. Wi Jacques, peyi a te bezwen karakte pwop ou, entegrite ou, kapasite ou, lanmou ke ou te genyen pou sa ki pat kapab yo. Kriminel lavalas yo kraze ou, yo pran souf ou men yo pa pran nanm ou. Map repete sa ou te di e se vre: Tu peux me crever les yeux, me couper les bras, et les jambres, me laisser nu en pleine rue, mais tu ne peux tuer mon rêve, Tu ne peux tuer l'espoir" Jacques leu ou tap pale konsa se tankou se pawol Bondye te mete nan bouche ou paske se sa ki fet. Map repete sa mwen te di deja:

Ou te kwe nan chanjman pou pep la, lespwa a pap mouriOu te toujou sakrifye tet ou pou koz pep la, rev la pap mouriOu te yon gason modere avek konviksyon, lespwa a pap mouriOu te gade lot la nan je e dil kijan li te trayi koze pep la, rev la pap mouri

Jacques: Chak fwa mwen sonje mwen li teks la:
http://haitipolicy.org/content/3155.htm

Pote mak sonje! Se konsa pawol la te toujou ye e se konsa yo te toujou dil, bay kou bliye pote mak sonje. Pajanm bliye ke leu genyen kou ki bay genyen kote ke mak la rete. Leu mwen konstate jan awounsa, vivi dan grien, san manman sa yo, assassen san pitye lavalas sa yo te totire ou, touye ou, assassinen ou li kite yon mak nan keu mwen ki pa kapab efase. Sa ou fe se li ou we, sa vle di wi genyen yon Bondye nan syel, Bondye ki toujou klere soley jistis la. Jacques Assassen a ale, li devan Bondye jodia, Bondye voye chachel anvan kat lane a mete pye. Jodia a nan nom ou, nou pa genyen rayisans, nou padone li, nap mande padon devan Bondye pouli e nap lapriye pou li.

Jacques: Mwen konnen ke ou sou kote zanj yo, pa bliye peyi a, pa bliye fanmi ou, mande fave Bondye ak zanj yo pou nou. Tankou aye ou nan keu nou, tankou aye ou nan tet nou. Nou pa bliye ou, malgre ou pa vreman bezwensa, nou lapriye pou ou. Mwen konnen ou pa renmen bagay sa yo, men map dil kanmenm, pou mwen ou son Ewo Nasyonal. Nap goumen pou nou gade si nan youn na fakilte yo nou kapab kreye yon sal konferans

Jacques Roche.

Aucun commentaire: