mercredi 22 juillet 2009

Bilten spesyal #2 Meteyo Mèkredi 22 Jiyè 09


Vijilans jòn pou gwo kout van, gwo lanmè ak lapli nan plan nasyonal jesyon risk ak desas (PNGRD)

Aks ond tropikal la kite peyi d’Ayiti, li chita kounye a sou pòsyon Lès Kiba maten an. Sa pa anpeche aktivite lapli ak loraj toujou rete posib sou kèk depatman nou yo jodia.

Pandan n’ap tan’n yon ameliorasyon nan tan an nèt pou demen, SPGRD kenbe jounen Mèkredi 22 jiyè 09 a dizè nan maten, nivo vijilans jòn ( ki vle di risk enpak entansite fèb a modere) pou gwo kout van , gwo lanmè, lapli e li anonse aktivasyon Plan Nasyonal Jesyon Risk ak Desas(PNGRD) fas ak menas gwo kout van, gwo lanmè, lapli ak loraj ak risk pou rivyè desan’n, deboulònman tè, ak inondasyon entansite fèb, sitou pou depatman Sant, Lwès, Nòdès, Sid, Sidès Nip ak Grandans.

SPGRD mete’l ansan’m ak SEMANAH, pou kenbe entèdiksyon operasyon Kabotaj sou tout Kòt Nò ak Sid peyi d’Ayiti, pou rive mèkredi nan aswè.

Konsèy sekirite
- Si ou rete nan zòn ki kon’n inonde, tè k’ap glise, prepare
nou pou’n kite zòn sa yo.
- Pa travèse larivyè k’ap desan’n pou anken’n rezon
- Si ou wè gen gwo kout loraj pa rete anba fenèt ak kote ki gen anpil pyebwa.

Aucun commentaire: