lundi 20 juillet 2009

Bilten Meteyo Lendi 20 Jiyè 09 pou rive 22 Jiyè.


SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA AK SOU ATLANTIK LA


Aks yon ond tropikal touche Grandans peyi d’Ayiti maten an. Gen yon lòt ond ki pi byen fòme k’ap rantre nan lanmè Grand Zanti yo nan jounen madi ak mèkredi, lapli ak loraj mache ak ond sa.

PREVIZYON POU AYITI

_ Tan an gen kèk nyaj maten an;
- Ap gen nyaj nan aprè midi;
- L’ap fè cho pandan jounen an, men l’ap miyò nan lannwit;
- Li posib pou ti lapli tonbe nan kèk zòn sitou nan Sant, Lwès, Sid, Sidès, Grandans ak Nip aswè a.

PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE’L YO

- Gen bon tan maten an;
- Ap gen kèk nyaj de tanzantan k’ap kouvri syèl la nan fen jounen an;
- Pi wo tanperati a ap rive pou jodi a se 36°C , pi ba l’ap desan’n se 24°C;
- Gen chans pou gen lapli ak loraj nan aswè .



Leve ak kouche solèy la pou pòtoprens

Jodia 20 Jiyè leve : 05 è 23 mn kouche :06 è 28mn
Lendi 21 Jiyè leve : 05 è 23 mn kouche :06 è 28mn
Madi 22 Jiyè leve : 05 è 24 mn kouche :06 è 28mn

Aucun commentaire: